Poukisa Manman Ayisyèn Rayi Pitit Fi Yo Konsa? Mizik: D-Fi X Pousyè cover art

Poukisa Manman Ayisyèn Rayi Pitit Fi Yo Konsa? Mizik: D-Fi X Pousyè

Poukisa Manman Ayisyèn Rayi Pitit Fi Yo Konsa? Mizik: D-Fi X Pousyè

Listen for free

View show details

About this listen

Ou gen “daddy issues ” ou gen pwoblèm papa, papa w pa t nan lavi w. Se sa nou souvan di fanm lè yo di yo rayi gason. Oubyen lè yon fanm gen tandans atache l twò vit a gason. Si fanm rayi gason paske papa yo pa t yon bon papa, kisa nou ka di de fanm ki se premye lenmi fanm? Èske medam sa yo gen mommy issue? Nan epizòd sa nou pale de relasyon manman ak pitit fi Ayisyèn. Nou pale de difikilte ki genyen pou yon manman renmen pitit fi li. Nou fè diferans ant lanmou matènèl e ensten matènèl Nou pale de difikilte ki genyen nan matènite, de presyon sosyete a mete sou manman, de twoma jenerasyonèl ak presyon relijyon. An gwo nou pale de gwo defi ki genyen pou yon fanm Ayisyèn renmen tèt li nan yon sosyete ki pa t pare pou li. Cover 📷: instagram: cedclearshot
No reviews yet
In the spirit of reconciliation, Audible acknowledges the Traditional Custodians of country throughout Australia and their connections to land, sea and community. We pay our respect to their elders past and present and extend that respect to all Aboriginal and Torres Strait Islander peoples today.