LEKÒL KREYÒL cover art

LEKÒL KREYÒL

By: ITIAHaiti Literary NPO
  • Summary

  • In working for an autonomous Haiti, we want to see youth find the right tools to develop their talents and see the future of the next generation.
    Copyright ITIAHaiti Literary NPO
    Show More Show Less
Episodes
  • YON LEKÒL TÈT ANBA NAN YON PEYI TÈT ANBA
    Oct 25 2021
    Premye chapitFèy pistach ak fèy kanpèch«Èske ou konprann sa w [ap] li a?» (Travay apot yo, chap.8, v. 30)Tout pwofesè lekòl ann Ayiti ta dwe poze chak elèv keksyon sa a. E yo ta dwe kontwole repons lan pou yo wè sa li vo. Sa pa kont si yon timoun di: Wi l konprann. Se pou pawòl li ak esplikasyon li bay yo, montre li konprann sa li li a.Èske tout pwofesè lekòl tout kote sou latè bezwen poze chak elèv menm keksyon sa a? M pa kwè sa, paske nan sistèm lekòl ki pa tèt anba yo, reskonsab edikasyon nasyonal, direktè lekòl, paran elèv, gran elèv, ti elèv deja rekonèt yon prensip klè: li san konprann, se pa li toutbon.Èske pi fò pwofesè ayisyen ta mal dekwa pou yo ta kwè: li san konprann, se li toutbon? M pa panse sa. Men, yon sitiyasyon dwòl lekòl tèt anba gen dwa touble tèt yo. N ap wè sa si nou kalkile pawòl 2 pwofesè oubyen 2 jounalis, 2 doktè, 2 avoka, 2 agwonòm, 2 enjenyè, yon Ayisyen, yon Dominiken, kit se 2 medam, kit se 2 mesye. Dominiken an rive sou tèt yon mòn an Dominikani. Ayisyen an rive sou yon tèt mòn ann Ayiti. Kèk timoun vin di yo bonjou.(1) Dominiken an mande 2 nan timoun yo non yo. Dapre wotè yo ak gwosè yo, sanble yo te kapab gen uit an kon sa. Non tifi a se Izabela. Yo rele tigason an Domingo. Alèkile, li poze yo chak yon keksyon:Èske ou konn li? Repons la se te: wi.Li rale yon bèl ti liv istwa pou timoun nan valiz li, li fè 2 timoun yo gade desen ki nan liv la epi li di yo li yon paj ladan n.(2) Ayisyen an mande 2 timoun, uit an kon sa, non yo. Se te Doudoun avèk Jojo. Alèkile, li poze yo chak menm keksyon an:Èske ou konn li? Repons la se te: wi.Li rale yon bèl ti liv istwa pou timoun nan valiz li, li fè 2 timoun yo gade desen ki nan liv la epi li di yo li yon paj ladan n.Panyòl pou ti Dominiken uit anÈske koze nimewo (1) an ak koze nimewo (2) a se 2 koze marasa, youn ki pase an Dominikani an jiyè 2002, lòt la ann Ayiti nan menm semenn jiyè 2002 a?4Atansyon: Pengwen pa anana. Dlo manyòk pa lèt. Fèy pistach ak fèy kanpèch sanble anpil, men, yo pa menm.Dapre mwen, pou Dominiken (elèv kou pwofesè), gen yon mo, nan 2 koze yo, ki pa gen sans, pi fò elèv ak pwofesè ayisyen ba li a.Pou Dominiken, li se fè lèt remèt sans, kit yo pouse son, kit yo pa pouse son. Pou pi fò pwofesè ak elèv ayisyen,li se fè lèt pouse son, kit yo remèt sans, kit yo pa remèt sans.Gen yon manman diferans la a. Gen li ak li. Tout madigra se madigra. Tout madigra pa menm madigra.Lè yon timoun uit an, ki nan pwòp peyi l, tande yon granmoun, nan menm peyi a, mande l si li konn li, si timoun nan se yon ti Brezilyen Brazilya,se yon ti Chinwa Peken, se yon ti Ejipsyen Okè,Timoun Brezil, Timoun Lachin, Timoun Ejip, Timoun Etyopi, Timoun Lafrans, Timoun Japon, Timoun Risi,èske ou konn li woumen? èske ou konn li indi? èske ou konn li ebre? èske ou konn li arab? èske ou konn li italyen? èske ou konn li koreyen? èske ou konn li polonè?se yon ti Franse se yon ti Japonè se yon ti RisPari, Tokyo, Moskou,timoun uit an sa a pa fouti konprann li annafè ak yon moun tèt varye ki vle mande l:E vrèman vre, se pa okenn moun fou k ap pale ak li. Li gen rezon kwè, sa granmoun nan vle mande a se si menm lang m ap pale avè w la a, sèl lang sa a ou konn pale a, pandan ou se yon timoun piti uit grenn ane, èske ou konn li l, depi se pawòl pou timoun piti ki ekri ladan n?Alèkile, lè Dominiken an montre Domingo ak Izabela ti liv istwa pou timoun nan, se yon ti liv ki ekri an panyòl pou timoun piti ki pa konn lòt lang pase panyòl. E pou ki sa se panyòl sèlman yo konnen, yo konprann, yo pale? Se paske, depi uit an, kote yo fèt la, kote yo leve a, kote yo rete a, se panyòl granmoun aje pale, se panyòl mesye dam ant dezaj pale, se panyòl jennjan ak jennfi pale, se panyòl papa ak manman, frè ak sè, tantin ak tonton pale. Se panyòl vwazinaj pale. Se panyòl moun k ap jwe bizbòl pale. Se panyòl moun5k ap joure pale. Se panyòl moun k ap bay odyans pale. Se panyòl moun ki nan lapenn pale. Se panyòl moun pale, lè kè yo kontan. Se nan panyòl tout moun benyen chak jou Bondye kreye, chak èdtan nan chak jou, chak minit nan chak èdtan, chak segonn nan chak minit.Franse pou ti Ayisyen uit anKi liv istwa pou timoun nou kwè ki te nan valiz nèg Pòtoprens la oubyen nègès Jakmèl la ki te rive Segen sou tèt mòn Lasèl la? Sa ki te ekri nan paj li tap mande Jojo ak Doudoun li pou li a? Men pawòl yo:«Qui craint le grand méchant loup? Ce n’est pas moi. C’est peut-être vous. Si jamais nous le rencontrons, foi de millions de petits cochons, à sa barbe nous ricanerons: Ah! Ah! Ah! Ah! Ah!... Mais le numéro trois garda le sang-froid, le leur dit: Venez, chez moi. Et les petits cochons ne firent qu’un bond à la maison... Il était trois petits cochons à la queue en tire-bouchon...»Reflechi sou koze Ayisyen gran konnen k ap pale ak 2 timoun uit an, Segen, sou tèt mòn Lasèl la. Si li te tonbe pale franse ak yo, nou ta gen rezon di ...
    Show More Show Less
    19 mins

What listeners say about LEKÒL KREYÒL

Average Customer Ratings

Reviews - Please select the tabs below to change the source of reviews.

In the spirit of reconciliation, Audible acknowledges the Traditional Custodians of country throughout Australia and their connections to land, sea and community. We pay our respect to their elders past and present and extend that respect to all Aboriginal and Torres Strait Islander peoples today.